En Español Creole English

Sekirite Piblik

Anba lidèchip Majistra Menino, vil Boston konnen yon nivo krim ki pi piti depi 30 lane.  Li travay avèk Komisè Lapolis Ed Davis, Majistra Menino kreye yon modèl nasyonal ki bay siksè pou sekirite piblik, li ankouraje sitwayen yo, lidè kominotè yo ak relijye yo pou travay men nan men avèk lapolis.


Efò Majistra yo pou kenbe Boston ansekirite pou li ka resevwa ochan nasyonal: Majistra Menino travay avèk Majistra vil New York Michael Bloomberg kòm Visprezidan Mayor’s Against Illegal Guns, yon efò pou kraze aktivite vann zam ilegal ak fè trafik yo. Lè Majistra Menino te mennen avèk siksè Konvansyon Demokratik Nasyonal 2004 la nan Boston, Prezidan an te make zòn la kòm evenman sekirite espesyal nasyonal; reyisit li se te rezilta yon pati efò travay Biwo Polis Boston.

Majistra Menino travay di pou li mete lòt opsyon pou jenn moun, li ogmante pwogram travay vakans vil la, li chanje règleman CORI pou li pèmèt sila yo ki pase nan prizon kapab vini travayè pwodiktif epi li ofri pwogram edikasyon espesyal a sila yo k’ap chache genyen GED oubyen lòt diplòm.

Majistra Menino sipòte kreyasyon epi agrandisman ekip Safe Street yo nan Biwo Lapolis Boston an. Konye a genyen 14 ekip ki gaye nan tout zòn cho nan Boston yo.
Ekip yo genyen ladan yo ofisye apye ki ap fè kontak avèk rezidan yo ki pran pwoblèm zòn yo trè serye, epi yo se moun ke tout moun nan katye yo wè, yo devlope patenarya avèk biznis lokal ak òganizasyon kominotè, fè kontak avèk jenn moun ki sou ris, epi bay sèvis referans pandan ke yo ap mete sekirite nan zòn nan.

Ekip Safe Street yo bati yon konfyans ki genyen gwo valè avèk kominote a, yo diminye krim, yo fè jwenn ansanm patnè ki nan òganizasyon kominotè ak relijye yo pou travay avèk lapolis epi lòt ajans vil la.

Nan lane 2006, Majistra Menino kreye Strategic Crime Council pou ogmante epi kowòdone efò vil la kont krim. Konsèy la amelyore sekirite piblik atravè lwa, santé piblik, strateji lapolis yo, edikasyon, kontak avèk kominote a, epi plede pou chanjman nan lajistis.
Jodi a, Boston ka gade devan pou yon lòt faz pwogram ki genyen ladan li yon plan daksyon pou 3 lane sou yon ajanda pwogresif.

Close Window