Majistra Menino

Le fondasyon prestijye Broad Foundation rekonèt Boston avèk pi gwo prim li pou pwogrè ki fèt pa gwo sistèm lekòl iben, li te make siksè karyè Majistra Menino pou sipò lekòl piblik Boston yo, elèv yo, famiy yo, pwofesè ak staf, ke Majistra Menino bay. Remèsiman pou pwogram edikasyonèl pwogresis Majistra a, chif asistans ak gradiyasyon yo monte nan Boston espesyalman nan kominote minorite a. Nivo gradiyasyon an pou Afriken-Ameriken monte rive 5.4%, e moun k’ap aprann lang Angle yo rive 6.2% lane pase, sa depase tout eta-a nan pati sa-a.

Majistra Menino se yon gwo jesyonè ki te bay vil estabilite fiskal nan tan ensekirite finansye. Atravè yon apwòch disipline ki vize sou bònmach pou lontan vil Boston, Majistra Menino te ogmante efikasite gouvènman an epi envestisman ki vize sou sèvis ke vote yo bay plis vale.
Majistra Menino genyen yon repitasyon nasyonal pou lidèchip li sou zafè kay. Li leve standa pou kay ki gen pri abòdab, bati patenarya pou ogmante pwodiksyon kay, epi devlope yon modèl ki kopye nasyonalman pou anpeche vag pèdi kay nan Boston.

Li gen dwa pa fasil pou vèt, men sa pa kanpe Majistra Menino. Atravè lidèchip li, Boston pase devan lòt vil yo kòm lidè nan zafè anvironman e li te rekonèt denyeman kòm ‘’3e Vil Vet nan Amerik Nò a’’ nan Popular Science Magazine.

Majistra Menino konprann ke vil yo se motè ekonomik k’ap pouse peyi a, pousa li etabli Boston kòm lidè inovasyon ak opòtinite ekonomik. Anrasinen nan lespri ke zòn komès nan katye yo menm jan avèk sant vil la, Majistra Menino ede pwomote yon destinasyon pou nouvo antreprenè yo, mete konpayi komès, epi endistri ki fèk ap parèt yo.
Pandan tan kwasans ekonomik ak nan tan global fiscal ki pa sèten yo, Majistra Menino te toujou envesti nan kreyasyon travay ak devlopman mendèv pou ni jenn moun ak granmoun.

Anba lidèchip Majistra Menino, vil Boston konnen yon nivo krim ki pi piti depi 30 lane. Li travay avèk Komisè Lapolis Ed Davis, Majistra Menino kreye yon modèl nasyonal ki bay siksè pou sekirite piblik, li ankouraje sitwayen yo, lidè kominotè yo ak relijye yo pou travay men nan men avèk lapolis.
