Kay
Majistra Menino genyen yon repitasyon nasyonal pou lidèchip li sou zafè kay. Li leve standa pou kay ki gen pri abòdab, bati patenarya pou ogmante pwodiksyon kay, epi devlope yon modèl ki kopye nasyonalman pou anpeche vag pèdi kay nan Boston.

Reyalizasyon ke sa pa ase pou sèlman kreye nouvo pati kay, Majistra Menino fè jwenn ansanm kay ak moun k’ap revandike pou moun san kay yo pou diminye efè zafè san kay la epi kite klas fanmi travayè yo nan kay yo. Pami priyorite li genyen konye a yo se mendèv pwodiksyon kay, prezevasyon lweyaj kay, chanje figi katye yo kote zafè pèdi kay la wo anpil, epi yon plan pou diminye pou yon peryòd lontan ak zafè fanmi san kay a 50% nan lane 2012.
Anpèchman Zafè Pèdi Kay
Preske dizan pase, lontan avan enkyetid sou kesyon ‘’subprime lending’’ te parèt nan televizyon nasyonal, Majistra Menino te rekonèt bezwen pou edike moun k’ap achte kay premye fwa yo epi kreye yon rezo ki genyen resous pou konbat vye prè ki gen pwoblèm ak zafè pèdi kay. Lidèchip pwoaktif li te pèmèt Boston reziste kriz pèdi kay ki genyen konye-a pi byen pase anpil lot gwo vil toupatou nan peyi a.
Nan lane 1999, Majistra Menino lanse kanpay ‘’Don’t Borrow Trouble’’ – ki kopye konye a nasyonalman – pou ede moun evite eskrokri ki genyen nan zafè prete. Li te mennen efò sa yo pou siveye nivo zafè pèdi kay nan Boston depi nan fen lane 1990 yo, epi li te komanse yon inisyativ anplen nan lane 2006 sou anpèchman nan zafè pèdi kay, li rekonèt premye siy yon kriz pèdi kay ki ap vini. Depi le sa a, vil la vin kapab ede plis pase 575 moun ki gen kay pase lwen kesyon pèdi kay la, e prezeve plis pase $ 170 milyon dola nan vale kay genyen. Jodi a, Ekip Entèvansyon sou Kesyon Pedi Kay Majistra a (Mayor’s Foreclosure Intervention Team(FIT)), kit e kreye nan lane 2008 la, kontinye diminye avans zafè pèdi kay la nan zòn ki make nan vil la ki afekte avèk anpil propriyete ki abandone. Efò li pou edike rezidan yo atravè tout yon seri de atelye sou achte ka yak prevansyon/ anpèchman nan zafè pèdi kay fè jwenn ansanm moun ki prete ak sila yo ka bay pre ipoteke pou promote pi bon opsyon.
Kanpay ‘’Leading the Way’’
Kanpay ‘’Lending the Way’’ Majistra-a te ede ogmante aksè nan kay de kalite pandan ke pri kay nan Boston yo t’ap estabilize. Depi lè inisyativ la komanse nan lane 2000 la, vil la wè batiman plis pase 18,000 nouvo pati kay, 5,000 ladan yo se kay abòdab, epi konseve 9,500 pati. Tout ansanm, pwojè sa yo reprezante preske $ 5 milyad dola nan envestisman prive ak piblik pou vil Boston.
Strateji kay Majistra-a kontinye evolye, e nan mwad Mas, li anonse kanpay ‘’Leading the Way III’’, yon plan ki koute $ 200 milyon dola ke yon pati se pou mete kantite fanmi san kay yo amotye nan 2012. Strateji sa a pral mete tou 6,000 nouvo pati kay pou fanmi travayè, inkli ladan 1,000 lweyaj abòdab, sove 1,000 kay nan kesyon pèdi kay la, epi ede achte 500 kay ki pèdi ak abandone.
Kay Pri Abòdab
Vizyon Majistra Menino sou kay pri abòdab la se yon rekò ke United States National Conference of Mayors deklare se yon bon pratik pou tout majistra Ameriken. Nan kolaborasyon avèk Boston Housing Authority, Majistra Menino rebati epi amelyore anpil pati kay pou moun ki rete nan Boston ki pa gen anpil lajan epi popilasyon ki frajil yo. Li te gade amelyorasyon ki te fèt nan devlopman pati kay nan Orchard Gardens, Mission Main ak Maverick yo. Avèk nouvo fon/lajan ki soti nan pakè boustè leta federal la, li komanse travay ane sa-a sou devlopman kay Washington-Beech nan Roslindale, ki pral refèt totalman pou ofri plis pati kay nan 2011.




















