Jesyon Fiskal ak Estabilite
Majistra Menino se yon gwo jesyonè ki te bay vil estabilite fiskal nan tan ensekirite finansye. Atravè yon apwòch disipline ki vize sou bònmach pou lontan vil Boston, Majistra Menino te ogmante efikasite gouvènman an epi envestisman ki vize sou sèvis ke vote yo bay plis vale.

Disiplin Fiskal
Nivo ‘’bond’’ yon vil se tankou yon mezi santé finansye l’, e, atravè lidèchip Majistra Menino, nivo ‘’bond’’ vil Boston nan kote ki pi wo ke vil la janm konnen nan istwa l’. Nivo ‘’bond’’ wo sa-a pèmèt ke vil la ka envesti plis lajan nan pwojè katye yo epi ekonomize plizyè milyon nan peyman enterè. Kòm yon adisyon, Majistra Menino te pran desizyon ki di menm nan bon tan ki pèmèt ke vil la bati rezèv li pou ede li nan move tan yo.
Jesyon ak refòm entèlijan
Anpil fwa yo rele li mekanisyen iben, Majistra Menino bati yon repitasyon sou amelyorasyon fonksyon gouvènman minisipal la. Pou li ogmante transparans ak reskonsablite, li mete nouvo sistèm pou pran pi rapid rekèt/plent sèvis rezidan yo epi siveye pèfòmans vil la ak enfòmasyon sou bidjè a sou entènèt.
Pouswit ak Fòs Fon/Lajan ki Deyò yo
Pou ogmante opòtinite ekonomik nan Boston, Majistra Menino ap pouse administrasyon li a pou aplike pou tout lajan/fon apropriye ki disponib atravè American Recovery & Reinvestment Act la.
Li fè Boston yon nan premye vil yo k’ap itilize lajan sa-a pou remonte ekonomi an ke leta federal bay epi yon nan premye vil ki siveye pwogrè li piblikman atravè paj entènèt li. Akote lajan/fon leta federal ak eta-a, vil la ap bati patenarya avèk fondasyon yo epi ONG yo pou balanse tout resous ke li kapab pou amelyore vil Boston.




















