Opòtinite Ekonomik
Majistra Menino konprann ke vil yo se motè ekonomik k’ap pouse peyi a, pousa li etabli Boston kòm lidè inovasyon ak opòtinite ekonomik. Anrasinen nan lespri ke zòn komès nan katye yo menm jan avèk sant vil la, Majistra Menino ede pwomote yon destinasyon pou nouvo antreprenè yo, mete konpayi komès, epi endistri ki fèk ap parèt yo.
Pandan tan kwasans ekonomik ak nan tan global fiscal ki pa sèten yo, Majistra Menino te toujou envesti nan kreyasyon travay ak devlopman mendèv pou ni jenn moun ak granmoun.

Sipòte Biznis Lokal ak Antreprenè
Majistra Menino bati yon repitasyon nan sipòte biznis lokal ak ede antreprenè. Kòm yon konseye vil la, li pote pwogram Main Streets nan Roslindale, yon fason pou ka gen yon fondasyon pou bay biznis lokal yo jarèt. Jodi a, genyen 19 distri Main Streets ki genyen plis pase 600 nouvo biznis ak 4,382 nouvo travay, ki vin bay yon kantite chwa pou achte nan lokalite a. Bati sou gwo siksè, Majistra Menino vini avèk Back Streets, yon pwogram ki la pou kenbe epi agrandi baz endistri vil la.
Avek ti biznis yo ki anba presyon ekonomik la, Novanm pase a, Majistra Menino lanse Boston Buying Power, yon gwoup inovatif k’ap achte enèji ki kreye pou pèmèt ti biznis yo achte enèji kòm tout gwoup sou yon pri fiks pou lontan.
Atire epi Kenbe Gwo Biznis Yo
Majistra Menino travay di pou bay poto mitan ekonomi Boston yo jarèt – inivèsite, santé, sèvis finans, ak touris. Pou ede pwomote kwasans ekonomik nan tout sektè say o, Majistra Menino parèt ak Boston Invests in Growth, yon fon prè ak enterè ki ba kise $ 40 milyon dola pou ede rekomanse pwojè konstriksyon ki kanpe nan wout. Majistra Menino pouse kreyasyon Boston World Partnerships, se yon inisyativ pou ede lidè biznis nan tout lemonn konprann epi jwenn aksè nan avantaj konpetitif Boston la kòm kapital mondyal inovasyon.
Devlopman Mendèv Vil La
Majistra Menino reyalize ke fòs ekonomik vil Boston la soti nan mendèv moun ki gen talan epi ki soti toupatou. Kòm yon pami tout majistra nan tout peyi a ki bay lajan pou pwogram travay pandan vakans avek lajan ke vil la rantre, Majistra Menino ede plizyè milye jenn timoun jwenn bonjan opòtinite pou travay chak ane paske yon travay vakans bay plis pase lajan. Li bay leson pou lavni ak reskonsablite pou jenn moun san pri.
Majistra a sipòte tou yon bann pwogram fòmasyon travay ak devlopman mendèv pou granmoun. Yon gwo chanpyon pou klas ESOL pou nouvo imigran, Majistra Menino kontinye evolye avek ekonomi mondyal la, ke tou denyeman li lanse yon inisyativ fòmasyon nan travay vet pou edike travaye kin an endistri ki fèk ap parèt.




















