Edikasyon
Le fondasyon prestijye Broad Foundation rekonèt Boston avèk pi gwo prim li pou pwogrè ki fèt pa gwo sistèm lekòl iben, li te make siksè karyè Majistra Menino pou sipò lekòl piblik Boston yo, elèv yo, famiy yo, pwofesè ak staf, ke Majistra Menino bay. Remèsiman pou pwogram edikasyonèl pwogresis Majistra a, chif asistans ak gradiyasyon yo monte nan Boston espesyalman nan kominote minorite a. Nivo gradiyasyon an pou Afriken-Ameriken monte rive 5.4%, e moun k’ap aprann lang Angle yo rive 6.2% lane pase, sa depase tout eta-a nan pati sa-a.

Lidèchip edikasyonèl Majistra Menino [spurred] kreyasyon kindègaden pou timoun ki gen senk lane pou tout jounen ak lekòl pilot pou elèv nan tout laj, lekòl kòm Boston Arts Academy, the Young Achievers, Health Careers Academy, epi Tech Boston, epi tou anpil chanjman nan klas ak fòmasyon avanse pou pwofesè. Majistra a sipòte itilizasyon denye teknoloji nan avansman sistèm lekòl. Se pou rezon sa-a
Boston se te premye gwo sistèm lekòl nan peyi a ki konekte totalman sou entènèt.
Nan travay dekonsè avèk yon gwoup moun pwofesyonèl, komite lekòl, ki te gen nan tèt li ansyen Sipèrentandan Thomas Payzant, chwa Majistra yo pou lidèchip lekòl te resevwa akolad nasyonal, komite lekòl vil la te resevwa ochan nasyonal pou amelyorasyon lekòl, e konye a, Carol Johnson, ki li menm ale lakay li avek rekonpans ‘’Sipèrentandan pou Ane a’’ ke National Alliance of Black School Educators bay.
Pandan ke Majistra a te kite detay ansèyman yo anba lidèchip Sipèrentandan, li te sipòte travay yo nan Majistrati a, nan envestisman lajan nan kay ak teknoloji pou kote ki resevwa rekonpans la ‘’Boston Schoolyard Initiative’’ ki ranplase siman kote timoun yo ap jwe a avek bon zèb.
Majistra a konpran ke gen limitasyons sou restriksyon ansèyman 5 ou 6 è klas. Se poutèt sa li te ogmante pwogram anrichisman aprè lekòl yo, komanse avek pwogram Boston 2:00 to 6:00 an 19981. Ane sa a, Majistra Menino te kreye Community Learning Initiative, kote li mete ansanm lekòl, biblioyotèk, ak sant kominote yo pou plis anrichi eksperyans ansèyman elèv yo. Rekonesans ròl kle ke bon santé jwe nan siksè lekòl, Majistra Menino pouse pou ogmantasyon edikasyon sou nitrisyon, retire machin k’ap vann soda nan lekòl yo epi entrodwi demostrasyon manje ki bay bon santé.
Nan gade pi devan, objektif Majistra Menino se pou double nivo gradiyasyon inivèsite pou timoun yo ki gradye nan lekòl segondè Boston, avèk yon konsiderasyon espesyal pou sila yo ki soti nan lekòl ki pa gen egzamen yo, nan patenarya avèk inivèsite lokal yo, ONG yo, e kominote ak lidè biznis yo. Inisyativ sa-a pral bay elèv yo yon èd akademik epi tou konsèy sou èd finansman ak lòt sipò yo.
Apwòch pwogresis, kolaboratif Majistra Menino a pwoteje e pwomote resous ki pi presye Boston genyen: jenn nou yo.




















