En Español Creole English

Lidechip Nan Zafe Anvironman

Li gen dwa pa fasil pou vèt, men sa pa kanpe Majistra Menino. Atravè lidèchip li, Boston pase devan lòt vil yo kòm lidè nan zafè anvironman e li te rekonèt denyeman kòm ‘’3e Vil Vet nan Amerik Nò a’’ nan Popular Science Magazine.


Amelyorasyon espas lib yo, plante pyebwa kominotè, resiklaj, mwayen transpòtasyon dirab ak aksè ekipman pou bisiklèt ap amelyore kalite lavi nan katye nou yo. Epi Boston ap mennen tou nan zafè enèji pwòp, atravè konsèvasyon enèji, devlopman enèji dirab, ak antrènman moun vil la pou travay vèt ki byen peye.

Boston te vini premye vil nan peyi a ki mete kondisyon pou bati kay vèt, li mande tout gwo pwojè konstriksyon pou swiv standa LEED US Green Building Council yo. Majistra Menino pouse pou lajan federal Energy Efficiency Block Grant nan Washington, ki bay rezilta $6.5 milyon dola nan lajan adisyonèl pou pwojè enèji pwòp vil nou an. Ansyen Vis Prezidan Al Gore te fè yon sèl ak Majistra denyeman pou anonse Renew Boston, yon pwogram ki pral pwomote pi bon enèji ak pwojè teknoloji dirab k’ap kreye bon travay vèt atravè nouvo Energy Efficiency Block Grant leta federal la.

Majistra Menino te voye yon pakè lwa ‘’vèt’’ nan Palman, pou bay biznis yo ak moun yo ankourajman adisyonèl pou yo jwenn mouvman vèt la. Kèk nan lwa Menino soumèt yo pou sesyon lejislativ 2009-2010 la inkli: ogmantasyon aplikasyon dlo cho ak solèy ki anba fason ak regilasyon pou bati konye-a, enkòm taks lè w’ bati vèt ak pwen eksayz taks, rediksyon nan taks pou biznis ki bay anplwaye yo ki gen kay ki gen kapasite enèji efikas, ogmantasyon enèji biyotèmal epi pwen taks pou pwoteksyon dlo anba tè pou kay ak mèt pwopriyete.

Nan otòn lane pase, Majistra Menino te anonse Lights Out Boston, yon patenarya avèk mèt pwopriyete komèsyal ki laj yo pou fèmen tout limyè ki pa esansyèl yo nan etablisman ki pi laj nan Boston yo ant lè sa yo:11 PM e 5 AM. Pwogram sa-a pa sèlman konseve enèji, men li pwoteje zwazo yo pandan sezon migrasyon zwazo yo nan Otòn ak Prentan. Patenarya Lights Out Boston te resevwa denyeman rekonpans EPA Merit Award la nan Jounen Latè 2009 la.

Gwo dosye pwogramasyon zafè anvironman Majistra Menino a gen ladan l’ yon plan pou plante 100,000 pyebwa apati 2020 atravè Grow Boston Greener, yon bi pou agrandi enstalasyon solè rive 25 megawat ki anba inisyativ Solar Boston, epi ogmante resiklaj nan katye yo rive plis ke 50% atravè pwogram Recycle More.

Majistra Menino konnen ke vèt pa sèlman bon pou anvironman, men tou li fè moun vil la ak biznis yo ekonomize plis epi li boujonnen ekonomi lokal nou an. Atravè efò sa yo epi plis, Majistra Menino ap transfòme rapidman ‘’Beantown an vil vèt.’’

Close Window